مَا مَعِي وَجَهْ قَابِل بِهْ سِوَى حُسُنْ ظَنِّي
Mwen pa gen anyen pou m parèt devan w sof bèl esperans mwen gen nan ou.
Ht
مَا مَعِي وَجَهْ قَابِل بِهْ سِوَى حُسُنْ ظَنِّي
فِيكْ يَا رَبِّ فَارْحَمْنِي وَلَا تَمْتَحِنِّي
Mwen pa gen anyen pou m parèt devan Ou sof bon espwa mwen gen nan Ou
Alò, Granmèt mwen, gen pitye pou mwen epi pa mete m nan eprèv
تُبْتْ يَا رَبِّ فَاقْبَلْ تَوْبَتِي وَاعْفُ عَنِّي
وَامْحُ ذَنْبِي وَسَامِحْ كُلَّ تَقْصِيرْ مِنِّي
Mwen repanti, Granmèt mwen, kidonk aksepte repantans mwen epi padonnen m
Efase peche m yo epi padonnen tout feblès mwen yo
خِفِتْ مِنْ عَاقِبَةْ أَمْرِي فَجُدْ لِي بِأَمْنِي
مَحِضْ فَضْلٍ وَإِحْسَانٍ وَجُودٍ وَمَنِّ
Mwen pè sa k ap rive m nan lafen, alò fè m gras, ban m sekirite
Atravè sèlman favè, bonte, jenerozite, ak kado Ou
آه مِنْ عَثْرَتِي يَا رَبِّ مِنْهَا أَقِلْنِي
زَادْ ذَنْبِي وَمِنْ كُثْرِ الْخَطَا حَارْ ذِهْنِي
Ay, Granmèt mwen, pou jan m bite a, leve m soti ladan l
Peche m yo vin anpil, e tèlman mwen gen fòt, lespri m boulvèse
أَدْرِكْ أَدْرِكْ بِتَعْجِيلِ الْفَرَجْ وَانْتَقِدْنِي
وَاعْطِنِي عِلِمْ مِنْكَ يَا إِلَهِي لَدُنِّي
Vin ede m, vin ede m, prese pote soulajman epi delivre m
Epi ban mwen, Bondye m nan, yon konesans ki soti dirèkteman nan Ou
يَنْجَلِي بِهْ عَنِ الْقَلْبِ الْصَّدِى كُلَّ رَيْنِ
ياَ سَمِيعَ الْدُّعَاءْ سَلْكَ اسْتَجِبْ وَاسْتَمِعْنِي
Pou tout wouy ak tout vwal kapab retire nan kè mwen
O Ou menm ki tande priyè, reponn mwen epi koute demand mwen
مَا لِي إِلَّا أَنْتَ مُعْطِي
مَا لِي إِلَّا أَنْتَ مُغْنِي
Mwen pa gen pèsonn sof Ou menm pou ban mwen
Mwen pa gen pèsonn sof Ou menm pou anrichi mwen