عَلَى الْعَقِيقِ اجْتَمَعْنَا
Sou Al-Aqiq nou te rasanble
Ht
عَلَى الْعَقِيقِ اجْتَمَعْنَا
نَحْنُ وَسُودُ الْعُيُونِ
Sou plenn Al-Aqiq nou te reyini
nou menm ak bèl je nwa yo
مَا ظَنِّ مَجْنُونَ لَيْلَى
قَدْ جُنَّ بَعْضَ الْجُنُونِ
Sa ou panse de foli Majnoun pou Layla?
Li te sèlman konnen yon ti pati nan foli sa a
فَيَا عُيُوني عَيَوْنِي
وَيَا جُفُونِي جَفَوْنِي
O je mwen yo, ala fatige yo fatige m
e o po je m yo, ala lage yo lage m
وَيَا قُلَيْبِي تَصَبَّرْ
عَلَى الَّذِي فَارَقُونِي
O ti kè mwen, pran pasyans
pou moun sa yo ki pati kite m yo
فَارَقْتُهُمْ يَوْمَ الاِثْنَيْنِ
صُبْحَ الثَّلَاثَا وَاحِشُونِي
Mwen te kite yo depi jou lendi
nan madi maten, mwen te santi m sèl san yo
هُمْ سَادَةٌ خَلَّفُونِي
أَبْكِي دَماً مِنْ عُيُونِي
Se mèt vanyan yo ye ki kite m dèyè
m ap kriye san nan je m
بَكَيْتُ حَتَّى رَثَانِي
الْطَّيْرُ فَوْقَ الْغُصُونِ
Mwen kriye jouk zwazo yo
ki sou branch bwa yo te pran pite pou mwen
بِاللهِ إِنْ مُتُّ شَوْقاً
بِأَدْمُعِي غَسِّلُونِي
Devan Bondye, si m mouri tèlman m anvi wè yo
lave kò m ak pwòp dlo nan je m
نُوحُوا عَلَيَّ وَقُولُوا
هَذَا قَتِيلُ العُيُونِ
Rele anmwe pou mwen epi di
"Men yon moun bèl je sa yo touye"
مَا زِلْتُ حَوْلَ الْمَطَايَا
أَقُولُ بِاللهِ احْمِلُونِي
Mwen te toujou rete bò kote montir yo
m ap di, "Tanpri souple, pote m ale ak nou"
إِلَى مَنَازِلِ قَوْمِي
سَارُوا وَمَا وَدَّعُونِي
Nan direksyon kote fanmi m yo rete
yo pati san yo pa di m orevwa
رُوحْ يَا رَسُولِي إِلَيْهِمْ
سِرْعاً وَقَبِّلْ يَدَيْهِمْ
Ale, o mesaje mwen, bò kote yo
prese, epi bo men yo pou mwen
وَاقْرَأْ سَلَامِي عَلَيْهِمْ
لَعَلَّهُمْ يَقْبَلُونِي
Pote tout salitasyon mwen yo ba yo
petèt konsa y a aksepte m ankò
جَانِي الْرَّسُول وَهُوَ يَضْحَكْ
وَقَالَ أَبْشِرْ بِصُلْحِكْ
Mesaje m nan tounen vin jwenn mwen ak yon souri
li di m, "Rejouyi ou, lapè a fèt!"
وَحَيَاةِ عَيْشِكَ وَمِلْحِكْ
هُمْ بِالوِصَالِ وَاعَدُونِي
Pou sakre pen ak sèl nou te pataje a
yo pwomèt mwen n ap reyini ankò