صَلَاةُ الْبَدْرِيَّة
Lapriyè Badriyyah
Ht
صَلَاةُ اللّٰه سَلَامُ اللّٰه
عَلَىٰ طٰهٰ رَسُولِ اللّٰه
Se pou benediksyon Bondye ak lapè Bondye
poze sou Taha, Mesaje Bondye a
صَلَاةُ اللّٰه سَلَامُ الله
عَلَىٰ يٰسٓ حَبِيبِ الله
Se pou benediksyon Bondye ak lapè Bondye
poze sou Yasin, byenneme Bondye a
تَوَسَّلْنَا بِبِسْمِ الله
وَبِالْهَادِي رَسُولِ الله
Nou chèche favè nan non Bondye
epi pa Gid ki pafè a, Mesaje Bondye a
وَكُلِّ مُجَاهِدٍ لِلّٰه
بِأَهْلِ الْبَدْرِ يَا الله
Ak tout moun k ap lite nan chemen Bondye
poutèt moun Badr yo, o Bondye!
إِلَهِي سَلِّمِ الْأُمَّةْ
مِنَ الْآفَاتِ وَالنِّقْمَةْ
Bondye mwen, bay pèp la sekirite
anba tout malè ak tout chatiman
وَمِنْ هَمٍّ وَمِنْ غُمَّةْ
بِأَهْلِ الْبَدْرِ يَا الله
Anba tèt chaje ak anba chagren
poutèt moun Badr yo, o Bondye!
إِلَهِي نَجِّنَا وَاكْشِفْ
جَمِيعَ أَذِيَّةٍ وَاصْرِفْ
Bondye mwen, sove nou epi delivre nou
anba tout soufrans, epi voye jete
مَكَائِدَ الْعِدَا وَالْطُفْ
بِأَهْلِ الْبَدْرِ يَا الله
Tout konplo lènmi yo avèk dousè
poutèt moun Badr yo, o Bondye!
إِلَهِي نَفِّسِ الْكُرَبَا
مِنَ الْعَاصِينَ وَالْعَطْبَا
Bondye mwen, soulaje gwo touman nou
ki soti nan moun k ap peche ak k ap peri
وَكُلِّ بَلِيَّةٍ وَوَبَا
بِأَهْلِ الْبَدْرِ يَا الله
Epi anba tout maladi ak epidemi
poutèt moun Badr yo, o Bondye!
فَكَمْ مِنْ رَحْمَةٍ حَصَلَتْ
وَكَمْ مِنْ ذِلَّةٍ فَصَلَتْ
Gade konbe kras nou te jwenn
ak konbe malè ki te sispann
وَكَمْ مِنْ نِعْمَةٍ وَصَلَتْ
بِأَهْلِ الْبَدْرِ يَا الله
Epi konbe favè ki te akòde
poutèt moun Badr yo, o Bondye!
وَكَمْ أَغْنَيْتَ ذَا الْعُمْرِ
وَكَمْ أَوْلَيْتَ ذَا الْفَقْرِ
Konbe granmoun ou te rann rich
epi konbe pòv ou te bay kado
وَكَمْ عَافَيْتَ ذَا الْوِزْرِ
بِأَهْلِ الْبَدْرِ يَا الله
Konbe pechè ou te geri anba peche yo
poutèt moun Badr yo, o Bondye!
لَقَدْ ضَاقَتْ عَلَى الْقَلْبِ
جَمِيعَ الْاَرْضِ مَعَ رَحْبِ
Anverite, tout latè a malgre li gran
santi l sere nan kè nou
فَانْجُ مِنَ الْبَلَا الصَّعْبِ
بِأَهْلِ الْبَدْرِ يَا الله
Sove nou anba gwo malè sa a k ap trakase nou
poutèt moun Badr yo, o Bondye!
أَتَيْنَا طَالِبِي الرِّفْقِ
وَجُلِّ الْخَيْرِ وَالسَّعْدِ
Nou vin mande kras ak mizèrikòd
ak yon kantite byen ak bonè
فَوَسِّعْ مِنْحَةَ الْأَيْدِي
بِأَهْلِ الْبَدْرِ يَا الله
Se poutèt sa, elaji kado ou ban nou yo
poutèt moun Badr yo, o Bondye!
فَلَا تَرْدُدْ مَعَ الْخَيْبَةْ
بَلِ اجْعَلْنَا عَلَى الطَّيْبَةْ
Pa voye nou ale avèk dekourajman
men pito fè nou jwenn sa ki byen
أَيَا ذَا الْعِزِّ وَالْهَيْبَةْ
بِأَهْلِ الْبَدْرِ يَا الله
O ou menm ki gen Onè ak Grandè
poutèt moun Badr yo, o Bondye!
وَإِنْ تَرْدُدْ فَمَنْ نَأْتِي
بِنَيْلِ جَمِيعِ حَاجَاتِي
Si ou rejte nou, bò kot ki moun n a prale
pou tout bezwen nou yo
أَيَا جَالِي الْمُلِمَّاتِ
بِأَهْلِ الْبَدْرِ يَا الله
O ou menm ki wete gwo tèt chaje
poutèt moun Badr yo, o Bondye!
إِلَهِي أَغْفِرْ وَأَكْرِمْنَا
بِنَيْلِ مَطَالِبٍ مِنَّا
Bondye mwen, padone nou epi onore nou
lè ou resevwa demann nou yo
وَدَفْعِ مَسَاءَةٍ عَنَّا
بِأَهْلِ الْبَدْرِ يَا اَللّٰه
Epi wete tout sa ki mal sou nou
poutèt moun Badr yo, o Bondye!
إِلَهِي أَنْتَ ذُو لُطْفٍ
وَ ذُو فَضْلٍ وَ ذُو عَطْفٍ
Bondye mwen, ou se Mèt dousè a
ou se Mèt favè ak konpasyon
وَكَمْ مِنْ كُرْبَةٍ تَنْفِي
بِأَهْلِ الْبَدْرِ يَا اَللّٰه
Konbe gwo chagren ou te deja efase
poutèt moun Badr yo, o Bondye!
وَصَلِّ عَلَى النَّبِي الْبَرِّ
بِلَا عَدٍّ وَلَا حَصْرٍ
Voye benediksyon sou Pwofèt ki jis la
san rete epi san limit
وَآلِ سَادَةٍ غُرٍّ
بِأَهْلِ الْبَدْرِ يَا اَللّٰه
Epi sou tout desandan li yo ki onorab
poutèt moun Badr yo, o Bondye!